Fanmi AlelouyaTV mwen vle eksprime rekonesans mwen anvè Bondye pou fidelite li anvè mwen. Chak jou mwen ap kontanple glwa li ak gras li nan lavim.
Fanmi AlelouyaTV mwen vle eksprime rekonesans mwen anvè Bondye pou fidelite li anvè mwen.
Depi mwen vin jwenn Kris lavim transfòme. Li chanje-m fèm vin yon lòt moun. Si se pat gras li mwen tap pèdi deja petèt nan alkowòl, dròg ak pwostitisyon.
Li mete men sou mwen e banm yon lòt idantite ak karaktè. Se sak fè mwen pap janm sispann di Kòman Bondye fidèl. Paske li pran pasyans, li toleran e fè pwovizyon.
Ou menm ki ap li mesaj sa mwen invite-w bay Jezi lavi-w siw poko fè sa. Pa di ou pa pwòp wap tann lèw an kondiyon. Vini janw ye a se li menm ki ap chanje laviw. Ou pa ka fèl pou tèt ou.
Ke Bondye beniw!

